Warning: include_once(/htdocs/wp-content/plugins/wp-super-cache/wp-cache-phase1.php): failed to open stream: No such file or directory in /htdocs/wp-content/advanced-cache.php on line 22

Warning: include_once(): Failed opening '/htdocs/wp-content/plugins/wp-super-cache/wp-cache-phase1.php' for inclusion (include_path='.:/usr/share/php') in /htdocs/wp-content/advanced-cache.php on line 22
Nap Kwape Vyolans – Pitit Manman Mari

Warning: Illegal string offset 'single_ad_enable' in /htdocs/wp-content/themes/digiqole/core/hooks/blog.php on line 159

Warning: Illegal string offset 'single_ad_position' in /htdocs/wp-content/themes/digiqole/core/hooks/blog.php on line 161

Warning: Illegal string offset 'single_ad_enable' in /htdocs/wp-content/themes/digiqole/core/hooks/blog.php on line 222

Warning: Illegal string offset 'single_ad_position' in /htdocs/wp-content/themes/digiqole/core/hooks/blog.php on line 224

Nap Kwape Vyolans

 Nap Kwape Vyolans

Chak fwa yon ti moun pa ka reprann chimen lekòl, 

Chak fwa ensekirite simen latroublay toupatou 

chak fwa dwa nou pa respekte 

chak fwa byen nou pa pwoteje ; 

se soufrans, se lapenn pou pèp ayisyen an ;

se soufrans, se lapenn pou Legliz la..

se soufrans, se lapenn pou fanmi yo.. 

se soufrans, se lapenn pou jenès la… 

Nou leve kanpe pou nou di « non » !

Nou leve kanpe pou nou di li pa bon, li pap janm bon ! 

Nou di : « nou pa vle move van vyolans sa, kap dechire kè chak grenn fanmi nan peyi a » !

Jodi a ankò « Pastorale des Jeunes » ak « Pastorale universiitaire » ; nan Achidyosèz Pòtoprens ; 

Tout jenès peyi a mande lapè nan tout kwen, pou pèp ayisyen ka rale yon souf !

Chak fwa move van voylans lan soufle, 

Se Sak pi pòv yo ki viktim; se majorite a ki plis soufri ! 

Pèp ayisyen ! nou pa yon ti klas, nou pa yon ti klan, nou pa yon ti gwoup…. 

Nou se yon pèp, nou se yon nasyon ; 

E nou fè yon sèl anba yon drapo ki tradwi fyète nou…

Nou makonnen nan yon bèl listwa ak yon bèl kilti 

Ki di sa nou ye… 

Ann mete tèt nou ansanm pou lavi ka fleri 

Tankou zansèt nou yo te vle sa…


Ann mete tèt nou ansanm paske ti peyi sa se pou Papa Bondye 

E se Granmèt la li menm pou nou kite dirije sa nap fè !! 

Voylans pa ladan l 

Vyolans pap janm bon ! 

Voylans fè nou twòp mal !

Wi pou lavi, Wi pou Lavni ; lajenès ann kwape vyolans !!


27 Comments

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *